Tibob de Nazareth – Ave W M Ap Pale lyrics

Album: Ban m Fos

Avè w zanmi m ap pale

Ou di w konn pa dòmi
Pou w tande mizik mwen
Ou di pa gen manti
Mwen son bon mizisyen
M konpoze kou Moza
Vokal mwen gen pouvwa
Si mwen te konn valè m
M ta antre tout chantè

Ou di m ap gaspiye
Nan chante nan legliz
Nan bal se la pou m ye
Fè medam tonbe kriz
Mete rad sipèsta
Fé tenten pou dola
Fè chòk ak promotè
Tankou mèsenè

Avè w zanmi m ap pale

Mèsi pou bèl pawòl
Men m fè sa yo deja
Nou tout genyen yon wòl
Ki transande tout sa
Jwe mizik nan fèbren
Pou ren ak je fèmen
Pou moun k ap reflechi
Sa pa ka sans lavi

Bondye ba nou talan
Nan amou l, nan grandè l
Men sa k pi enpòtan
Fò n byen sèvi avè l
Ankouraje peche
Nan viv pou vanite
Ka kòz nou vin modi
Ka kòz nou pèdi

Refren 1
Mwen byen kontan
Ou konn apresye talan
Men gen bagay nan lavi
Ki pa gen pri
Ou dòmi w leve
Ou sòti w antre
Di m konbyen fwa ou remèsye Bondye

Sa se yon SOS
Pou mizisyen frè m yo
K ape detwi jenès
Ak nanm Bondye ba yo
Akwabon pou w genyen
Fanatik tout kote
Ka lè 2 je w fèmen
Tout se vanite

Refren 1

Chante fanm lakilti
Anyen pa mal nan sa
Dyaze pou lapatri
Sa li menm son w devwa
Men kote nou kite
Moun ki ba nou lavi
Sa n fè nan je Bondye
Ki fè li plezi

Refren 1

Refren 2
M ap mande, m ap mande wo wo
M ap mande fè tèt nou yon kado (bis)

Michael, Tantann
Si nou konprann
Ki sa n ap tann
Micky, Charlot
Cliff, Roberto
Pa fè zewo
King Kino, Gracia Delva
Nanm nou ka pran nan 3 wa
Odènye jou pa p gen gwo sta
Travay pou n pa ret anba

Jacques Sauveur Jean
Pagen twòp tan
Fòk ou fon w jan
Princess Georgie
Kot ti-Kenny
Tan pral fini
Amstrong Jeune ou gen vokal
Ak zanj ou ka fè koral
Men fòk depi jodi a
Ou remèt vi w bay nonm sou kwa a

Refren 2

Alan Cave
Jan w konn chante
Chwazi Bondye
Gazzman Koulè
Pran Larivyè
Pa ret dèyè
Ritchie, Frero, Reginald
Nanm nou ka pran kou fatal
Jude, Pouchon, Pipo, TiJoe
Eske non nou ekri anwo

Kite m chante
Pou Bondye
Kite m chante
Fòk nou ka wè
Eta latè
Fòk nou ka wè
Mwen-menm Tibob pran devan
Men nou pa dwe pèdi tan
Nou konn laglwa n konn ladefèt
Si n vin jwenn Kris sa n ap regrèt

Submitted by Guest