Tibob de Nazareth – Met Bondye Nan Sa lyrics

Album: Ban m Fos

An n kase tèt tounen
pou nou redemare
fòk nou (konn kote nou prale)
Nou gen yon sèl chimen
nou pa ka debraye
(fòk nou ka rasanble)

Si n gade douvan glas
n a wè nou se pòtre
fòk nan kè ou gen plas
pou mwen ka soulaje
Nou se kabrit menm ras
nan savann dezole
n ap travèse menm pas
flanbe nan menm dife

Si nou pa mete men
pou nou rebat lakat
(nou deja al brachat)
pou n gen w pi bèl denmen
fò n pa sispann konbat
(se ansanm n ap debat)

Nou met nanm nan boutèy
Lespri n toujou andèy
Nou sipto simen poud
Tan pou n kwaze lekoud
N ape fè kwi-monte
Menm lè n pa ka manje
An nou rekonsilye
An n fè plas pou Bondye

Refren 1
Anye Anye
nan menm chenn nan n ye (bis)

Refren 2
An nou ranje sa
An nou chanje sa
Met Bondye nan sa (bis)

Lanmò ape suiv nou (anye)
menm lè n al lòtbò dlo (anye)
e depi nen pran kou
(se je ki kouri dlo)

An n sispann jete dlo (anye)
Sispann bay kou nan do (anye)
Rele govi nan dlo
Ap fè n mache pa do

Refren 2

Depi pye ou glise (anye)
se mwen-menm ki tonbe (anye)
si kè mwen pa sote
(mwen an sekirite)

Menm si n pa menm plimay (anye)
Nan san nou se tokay (anye)
An n sispann bay piyay
Nan Bondye pa gen fay

Submitted by Guest