Tibob de Nazareth – Efo N Ap Fe lyrics

Album: Ban m Fos

Refren
Nou tout se efò n ap fè
Pou nou ret sou chimen syèl la
Genyen soufrans genyen doulè
Lè nou chwazi chimen syèl la
Sa ki devan sa k lidè
Pa kritike sa ki dèyè
Nou tout se efò n ap fè
Pou nou ret sou chimen syèl la

-I-
Pa gen moun ki fèt tou rive
Nou tout se lite n ap lite
Si Lespri Bondye pa t la
Mwen avè w nou ta lage sa
Se pa fò nou fò konsa

Si lè w gade w wè m ap panche
M pa wè rezon pou w ap fete
Si jodi a m fè fopa
Ou dwe pare pou ban m lebra
Ou pa ka konnen kisa
Demen met pou ou sou wout la

-II-
pa panse ou pa ka tonbe
se pye nou tout ki ka glise
kèlkeswa wotè w rive
se pou nou toujou ap veye
se sanzatann nou ale

pa genyen pèsonn ki pafè
se gras Bondye ki bay favè
si w wè w gen fòs pou konbat
pa pran lestomak pou w ap bat
se koube di Bondye mèsi
epi ede sa k ap febli

-III-
Ou ki pa vle kwaze avè m
Sou ou m jwenn fòs pou m kenbe fèm
Ou pa p janm rive konnen
Lè w ban m lapè janm m santi m byen
Ou banm anvi pou m kretyen

Si n te konnen jan nou frajil
Vire-tounen nou an peril
Se nou tout ki t ap kriye
Lè nou wè youn gen dlo nan je
Nou ta prèt pou padone
Epi bliye sa ki pase

Wi frè mwen, wi sè mwen
Se efò n ap fè
(pou nou ret sou chimen syèl la)
Wi se vre, chaje difikilte
(pou nou ret sou chimen syèl la)
men si w ban m lanmen
m a rive pilwen
(pou nou ret sou chimen syèl la)
lè nou fè yon sèl
gade jan sa bèl
(pou nou ret sou chimen syèl la)
men nou se moun sove
fò n pa nan divize
(pou nou ret sou chimen syèl la)
ki egzanp nou ka bay
si nou nan batay
(pou nou ret sou chimen syèl la)
genyen je k ap gade
nou gen nanm pou sove
(pou nou ret sou chimen syèl la)
fò n sonje, nou tout se efò n ap fè
(pou nou ret sou chimen syèl la)

Submitted by Guest