Tibob de Nazareth – Louvri Je W lyrics

Album: Ban m Fos

M ap pale w de Bondye
Sa pa entèrese w
Ou ban mwen randevou (Ou pa la)
M rele w nan telefòn
Ou d m janbe lèbòn
Mwen ale lakay ou (Ou pa la)

Lè n resi rankontre
Ou pran filozofe
Tout fason mwen vire w (Ou pa la)
Ou di w se syantifik
Pinga m vin ba w panik
M eseye louvri je w (Ou pa la)

Pon/Refren
Pou ou la vi se pran plezi
Monte desann epi mouri
Sonje gen yon jou k pou rive
Lè sa w a regrete

Zanmi louvri je w
Pannan ou gen tan
Zanmi leve pye w
Si w entelijan
Souf ou ka lage w
San menm testaman
Anvan ou bat je w
Ou ka ap tann jijman

Oh oh oh! (3 fwa) Tchala

II

Yon nonm te mèt save
Ak sèvè l byen gonfle
Douvan mèvèy Bondye (Fò l kanpe)
Sa k kouve larivyè
Nan fon zantray latè
Sa ki kenbe kanmè (Fè l pa koule)

Ti dekouvèt lasyans
Douvan l se jwèt danfans
Li bay entelijans (Fè n panse)
Fè lèzòm eksplike
Kote souf li prale
Lè lanmò vizite l (L ap bouchbe)

III

Paske w gen volonte
Paske w ap respire
Ou di w pa kwè Bondye (Egziste)
M pa tann ou nan sèkèy
Simityè san z òrèy
Fòk ou tande konsèy (Moun sove)

Submitted by Guest