Tibob de Nazareth – Kod La Kase lyrics

Album: Ban m Fos

Lè w vin nan Bondye gon w pil avantaj
Apre w jwenn syèl lavi w chanje paj
M t antoure ak yon bann fo zanmi
Mwen pa t wè se tan m t ap pèdi

Refren 1
Yo mete m nan mitan, Yo pale
Ak jalouzi
Yo travay pou detwi
Bondye wè m inosan, Li pwoteje m
Li ban mwen limyè
M kite yo dèyè

Lè m gade kote m t ap trennen
Yon pil moun trèt ki pa p ofri anyen
Si Bondye pa t met men sou mwen
Pou nanm mwen pa t ap gen demen

Refren 1

Lè m gade jan kè m t ap trimen
M ap fè byen men yo pa vle wè mwen
Si Bondye pa t retire mwen
Lè konsa, lavi mwen
menm nan m mwen t ap fennen

Refren 2
Woy mezanmi wo kòd la kase (4 fwa)

Yo pa p jwenn mwen ankò
Pou yo vin bay rapò
Non mwen pa p janm nan zen
Bondye ban m lòt chimen

Refren 3
Men kòd la kase
Men kòd la kase wo
Men kòd la kase m delivre
Bondye rele m

Men kòd la kase
Men kòd la kase wo
Men kòd la kase m delivre
Bondye rachte m

M pa bezwen siveye
Sovè mwen ap veye
Non mwen deja ekri
Nan liv ki bay lavi

Submitted by Guest